02 Amazon Seller: Konprann Baz yo

Aprann ouvri, òganize epi jere store Amazon Seller ou etap pa etap, an Kreyòl. Soti nan ouvèti kont lan rive ... Show more
Instructor
admin
0
0 reviews
  • Description
  • Curriculum
  • Reviews
ChatGPT Image Aug 18, 2026, 08_56_28 PM.png

Amazon Seller: Konprann Baz yo fèt pou moun ki vle kòmanse konprann kijan vann sou Amazon fonksyone anvan yo antre nan etap ouvèti ak jesyon yon store.

Nan kou sa a, w ap aprann fè diferans ant platfòm Amazon pou achte ak Amazon Seller pou vann. W ap konprann tou kijan Amazon Seller òganize, frè plan pwofesyonèl la, ak 2 prensipal fason ou ka vann pwodwi sou menm store la: FBM ak FBA.

Kou a eksplike konsèp yo an Kreyòl, avèk egzanp senp, vizyèl ak quiz pou ede w verifye sa ou konprann.

Sijè prensipal yo enkli:

  • Diferans ant Amazon pou achte ak Amazon Seller pou vann
  • Kijan pou rekonèt diferan platfòm Amazon yo
  • Kijan Amazon Seller fonksyone an jeneral
  • Kijan pou konprann Amazon tankou yon gwo sant komèsyal ki gen anpil store ladan l
  • Frè plan Amazon Seller pwofesyonèl la
  • Kisa FBM, Fulfillment by Merchant, vle di
  • Kisa FBA, Fulfillment by Amazon, vle di
  • Kijan pwosesis FBM fonksyone etap pa etap
  • Kijan pwosesis FBA fonksyone etap pa etap
  • Ki responsabilite vandè a nan FBM
  • Ki travay Amazon pran an chaj nan FBA
  • Kijan warehouse/depo Amazon yo fonksyone nan FBA
  • Diferans nan kontwòl, anbalaj ak shipping ant FBM ak FBA
  • Poukisa ou ka itilize FBM ak FBA sou menm store Amazon Seller la

Objektif kou a

Lè w fini kou sa a, ou ta dwe kapab konprann baz Amazon Seller yo epi fè diferans ant FBM ak FBA anvan ou pase nan pwochen etap la: ouvri epi verifye pwòp store Amazon Seller ou.

Peye yon sèl fwa. Aksè ak tout leson nan modil sa a. Revize yo otan de fwa ou vle pandan aksè kou ou a aktif.
Detay kou a
Lectures 3
Quizzes 2
Level Beginner / Debitan
Enfòmasyon debaz

Lang: Kreyòl Ayisyen

Nivo: Debitan

Fòma: Videyo pratik, etap pa etap

Ritm: Aprann nan moman ou lib

Aksè: Revize leson yo otan de fwa ou vle pandan aksè kou ou aktif

Objektif: Ede w konprann kijan Amazon Seller mache epi ede w jere premye etap biznis ou ak plis presizyon.

Sa ou bezwen

Ou pa bezwen gen eksperyans anvan ak Amazon Seller.

Pou suiv pati pratik yo, li pi bon pou ou genyen:
Yon laptop oswa iPad
Yon koneksyon entènèt
Yon adrès imèl ou itilize regilyèman
Yon PYES idantite oswa paspò valab
Yon kont bank ak relve bank
Enfòmasyon routing ak nimewo kont bank ou
Yon kat debit oswa kredi ki aktif
Tan pou suiv videyo yo epi aplike etap yo sou kont ou

Pou kiyès kou sa a fèt

Kou sa a fèt pou:
Moun ki poko janm vann sou Amazon
Moun k ap prepare pou ouvri premye store Amazon Seller yo
Moun ki deja ouvri yon kont men ki pa fin konprann Seller Central
Nouvo vandè ki bezwen konprann kijan pou mete ak jere pwodwi
Moun ki bezwen aprann sourcing, pricing, envantè, kòmand ak peman
Moun ki prefere aprann Amazon Seller an Kreyòl epi avanse nan ritm pa yo

02 Amazon Seller: Konprann Baz yo