Nan kou sa a, ou pral konprann kijan biznis Amazon lan fonksyone depi nan acha pwodwi rive nan kòmand kliyan, peman ak jesyon sante kont ou.
W ap aprann kijan pou trete kòmand yo ak bon pratik sèvis kliyan, evite eskrokri, konprann kilè Amazon peye w, epi itilize peman otomatik oswa manyèl.
Nou pral montre w tou kijan pou pwoteje ak amelyore sante kont ou, jwenn plis vizibilite sou Amazon san peye piblisite, epi kontakte Amazon Seller Support lè ou bezwen asistans.
Kisa ki pase depi ou achte yon pwodwi pou vann jouk Amazon peye w? Nan leson sa a, w ap suiv tout pwosesis la: acha, pwodwi, kòmand, sèvis kliyan, sekirite ak peman.
Yon move desizyon ka mete store ou an danje. Aprann sa pou w fè, sa pou w pa fè, kijan pou amelyore sante kont ou, jwenn plis vizibilite gratis, epi kontakte Amazon Seller Support lè ou bezwen èd.