New / Nouvo

08 Store Ou Pare. Kounye a, Mete Pwodwi Ou Sou Amazon pou Kòmanse Vann!

Ou gen store la. Kounye a, kisa ou pral mete ladan l? Dekouvri diferans ant POSTE ak LISTING, kijan pou jwenn ... Show more
Instructor
admin
  • Description
  • Curriculum
ChatGPT Image Sep 15, 2026, 02_22_03 PM.png

Ou ka gen yon store. Ou ka konnen Seller Central. Men si ou pa konnen kijan pou chwazi epi poste pwodwi pou vann, store la poko ka fè travay li.

Se nan kou sa a nou antre nan youn nan etap ki pi enpòtan nan tout fòmasyon Amazon Basics la: kijan pou mete bon pwodwi sou store ou pou kliyan ka achte yo.

Men gen yon bagay anpil nouvo vandè pa konnen: POSTE yon pwodwi ak kreye yon LISTING se pa menm bagay.

Epi pou yon debutan, konnen diferans lan ka chanje fason ou kòmanse biznis Amazon ou nèt.

Nan AMAZON 8, Kotch Regine pral montre w metòd li itilize pou ede nouvo vandè chwazi pwodwi, verifye opòtinite yo epi poste yo sou Amazon.

Ou pral wè pwosesis la fèt an tan reyèl, ak pwodwi reyèl ak sitiyasyon yon nouvo vandè ka rankontre.

Epi anvan nou poste yon pwodwi, nou pral pase l nan yon sistèm espesyal:

Metòd 3K™ Kotch Regine –3 Kondisyon pou Poste Pwodui sou Amazon

Twa règ senp ki ka ede w evite youn nan pi gwo erè debutan fè lè yo prese mete pwodwi sou store yo.

Kou sa a pa sèlman montre w ki bouton pou klike.

Li montre w kijan pou reflechi tankou yon vandè anvan ou klike.

AMAZON 8 | Store Ou Pare. Kounye a, Mete Pwodwi Ou Sou Amazon pou Kòmanse Vann!
Share
Detay kou a
Lectures 7
Quizzes 1
Level Beginner / Debitan
Enfòmasyon debaz

AMAZON 8 se yon kou pratik ki montre nouvo vandè kijan pwosesis pou mete yon pwodwi sou Amazon fonksyone, depi nan rechèch pwodwi a rive nan moman pwodwi a pare pou vann.

Kou a gen demonstrasyon an tan reyèl, egzanp konkrè ak estrateji espesyalman adapte pou debutan.

W ap dekouvri tou poukisa Amazon ka montre w “Sell this product” pou yon pwodwi, men “Apply to sell” pou yon lòt, epi poukisa diferans sa a enpòtan anpil nan estrateji yon nouvo vandè.

Tout pwosesis la baze sou yon prensip:

Pa poste nenpòt pwodwi. Poste avèk yon metòd.

Sa ou bezwen

Pou suiv kou sa a, elèv la ta dwe:

  • Gen yon Amazon Seller account ki aktive
  • Konprann baz navigasyon Amazon Seller Central
  • Konprann prensip debaz FBM ak FBA
  • Konnen kijan pou antre nan Catalog / Add Products
  • Fini kou preparasyon ki vini anvan AMAZON 8 yo rekòmande anpil

Ou pa bezwen deja konnen kijan pou poste yon pwodwi. Se egzakteman sa nou pral aprann.

Pou kiyès kou sa a fèt

Kou sa a fèt espesyalman pou:

  • Nouvo vandè ki gen Amazon Store yo men ki poko konnen kisa pou yo poste
  • Elèv ki pè fè premye posting yo poukont yo
  • Vandè ki pa konprann diferans ant POSTE ak LISTING
  • Moun ki toujou ap mande: “Ki pwodwi mwen ka vann?”
  • Vandè ki wè Sell this product oswa Apply to sell men ki pa konprann sa sa vle di pou yo
  • Elèv ki bezwen yon metòd klè pou analize yon pwodwi anvan yo mete l sou store yo
08 Store Ou Pare. Kounye a, Mete Pwodwi Ou Sou Amazon pou Kòmanse Vann!