Aprann kijan pou ouvri Amazon Seller Store ou depi nan premye etap la rive nan verifikasyon final la. Kou sa a montre tout pwosesis la an Kreyòl, etap pa etap, tankou enfòmasyon pèsonèl, adrès, telefòn, verifikasyon SMS, kat debit oswa kredi, non store, monte pyès, monte relve bank, ak pwosesis interview Amazon lan.
PATI 1: Nan premye pati sa a, w ap kòmanse pwosesis ouvèti Amazon Seller Store ou depi nan premye paj la. W ap wè kijan pou antre nan Seller Central, kreye kont ou, epi chwazi enfòmasyon sou kote biznis ou ye ak kalite biznis ou.
Nan pati sa a, w ap aprann kijan pou ranpli paj enfòmasyon pèsonèl Amazon lan san erè. W ap wè kijan pou antre non ou, enfòmasyon idantifikasyon ou, adrès ou, nimewo telefòn ou, epi kijan pou valide kont lan ak SMS verification.
Nan pati sa a, w ap aprann kijan pou antre kat debit oswa kredi Amazon ap itilize pou frè mansyèl Seller Account la. W ap wè tou poukisa non ak adrès ki asosye ak kat la dwe koresponn ak non ak adrès ki sou relve bank ou te prepare a.
Nan pati sa a, w ap rive nan dènye etap enskripsyon Amazon Seller a anvan pwosesis interview a. W ap chwazi non store ou, verifye tout enfòmasyon ou te antre deja, epi monte pyès idantite ou ak relve bank ou.
Nan dènye pati kou a, w ap wè kijan pou kontinye ak pwosesis interview Amazon lan sou entènèt. W ap konprann poukisa Amazon fè interview sa a, kijan pou prepare w, ki dokiman pou genyen devan ou, epi kijan etap sa a sèvi kòm yon mezi verifikasyon siplemantè anvan Amazon finalize revizyon kont lan.
Nan leson sa a, w ap aprann poukisa li pi bon pou w kanpe apre ou fin monte PYES ou ak relve bank ou si w ap ouvri store Amazon Seller ou vandredi nan aprè midi. W ap wè ki etap pou w fini, ki kote pou w kanpe, epi poukisa tann lendi maten pou entèvyou verifikasyon an ka ede w evite plizyè jou ap tann Amazon.