Ou deja gen yon kont Amazon Seller, men ou pa sonje kijan pou antre ladan l? Leson sa montre w fason ki senp pou jwenn Seller Central, konekte ak kont ou, epi retounen sou dashboard magazen Amazon ou.
Premye Fwa nan Mitan Store Amazon Ou? Men Sa Tout Bagay Sa Yo Vle Di!
Lè ou antre nan Amazon Seller Central, gen anpil chif, meni ak enfòmasyon devan w. Nan leson sa a, n ap fè yon premye tou nan mitan store la pou w konprann sa w ap gade yo, ki kote meni prensipal la ye, kijan pou verifye peyi w ap vann ladan l lan, epi kijan pou li enfòmasyon ki pi enpòtan sou dashboard ou a.
Ki kote pou ajoute yon pwodwi? Ki kote pou chanje pri oswa kantite? Ki kote kòmand kliyan yo antre? E ki kote pou wè lajan ou fè a? Nan leson sa a, n ap antre nan meni Amazon Seller Central la pou montre w chemen egzak pou jwenn fonksyon ou pral itilize pi souvan pou jere store ou.
Envantè se kote ou kontwole pwodwi ki deja nan store Amazon ou. Nan leson sa a, w ap aprann kijan pou ajoute kantite, ajiste pri, efase yon pwodwi, epi sitou konnen ki bon moman pou mete kantite pwodwi ou genyen disponib pou vann.
Yon kliyan plase kòmand. Kisa ou fè apre sa? Nan leson sa a, w ap aprann kijan pou jwenn epi jere kòmand ou yo nan Amazon Seller Central, epi konprann 4 estati enpòtan yo: Pending, Unshipped, Cancelled ak Shipped.
Lè yon kòmand pare pou ekspedye, bon anbalaj enpòtan tou. Ou ka jwenn materyèl ak kit anbalaj pou vandè sou Shopunlocked
Ou fè yon vant sou Amazon. Kliyan an peye. Men ki kote lajan an ale? Nan dènye pati sa a, w ap aprann kijan pou jwenn seksyon Payments la, ki kote lajan lavant ou yo akimile, epi konprann wòl Amazon kòm entèmedyè ant ou menm ak kliyan an.