New / Nouvo

07 Pa Vann Tankou Avèg: Kalkile Pri Vant Ou pou Fè Benefis

Aprann kijan pou kalkile pri vant ou, tout depans yo, frè Amazon, shipping ak benefis ou anvan ou mete yon pwodwi an vant.
Instructor
admin
  • Description
  • Curriculum
Codex Image Sep 14, 2026, 01_37_31 PM.png

Nan kou sa a, w ap aprann kijan pou kalkile pri vant yon pwodwi sou Amazon pou w konnen davans si li ka ba w benefis.

Nou pral montre w kijan pou pran an konsiderasyon tout depans ki antre nan pri pwodwi a, tankou pri acha, taks sou acha, frè Amazon, ekspedisyon, depans fiks ak lòt depans ki asosye ak lavant la.

W ap konprann tou kijan distans, pwa, volim ak rapidite ekspedisyon ka chanje pri shipping lan, epi diferans ki genyen ant FBM ak FBA lè sa rive nan depans ekspedisyon.

Objektif kou sa a se ede w pa chwazi pri vant o aza. W ap aprann kalkile tout depans ou yo, retire yo sou revni ou, epi wè konbyen benefis ki rete anvan ou deside vann pwodwi a.

Pa Vann Tankou Avèg: Kalkile Pri Vant Ou pou Fè Benefis
Share
Detay kou a
Lectures 4
Quizzes 2
Level Beginner / Debitan
Enfòmasyon debaz

Nan kou sa a, w ap aprann kijan pou kalkile pri vant pwodwi ou yo sou Amazon. W ap travay ak pri acha, taks, frè Amazon, shipping, depans fiks ak benefis final la pou w ka pran pi bon desizyon sou pwodwi ou chwazi vann.

Sa ou bezwen
  • Gen yon Amazon Seller Store
  • Konprann baz Amazon Seller Central yo
  • Konprann diferans ant FBM ak FBA
  • Rekòmande: fini AMAZON 4, AMAZON 5 ak AMAZON 6 anvan kou sa a
  • Gen yon kalkilatris oswa telefòn disponib pou pratike kalkil yo
Pou kiyès kou sa a fèt
  • Vandè Amazon ki vle konnen kijan pou fikse pri vant pwodwi yo
  • Vandè ki vle evite vann pwodwi san benefis
  • Vandè ki bezwen konprann tout depans ki antre nan yon lavant
  • Vandè FBM oswa FBA ki vle konprann kijan shipping afekte benefis yo
  • Ansyen elèv ki vle amelyore fason yo analize pwodwi anvan yo achte oswa vann
07 Pa Vann Tankou Avèg: Kalkile Pri Vant Ou pou Fè Benefis