Ou deja aprann kijan pou poste yon pwodwi sou Amazon. Kounye a, gen yon lòt kesyon ki enpòtan anpil:
Ki jan ou jwenn bon pwodwi pou w poste san ou pa pase tout jounen ap chèche o aza?
Nan AMAZON 9, Kotch Regine mennen w pi lwen nan rechèch pwodwi. W ap dekouvri teknik, zouti ak fason pou reflechi ki ka ede w fè rechèch ou pi rapid, konprann sa Amazon montre w, epi evite kèk erè ki ka fè w pèdi tan oswa mete kont ou an risk.
Nou pral travay ak egzanp reyèl ak demonstrasyon an tan reyèl pou montre w kijan yon vandè dwe aprann chèche, verifye epi pran pi bon desizyon.
Pa chèche o aza. Aprann chèche ak yon objektif.
Anvan nou antre nan nouvo teknik yo, nou retounen sou kèk prensip enpòtan nan AMAZON 8 ak yon erè Amazon Seller ka mete devan w.
Yon pwodwi ka sanble ak yon bon opòtinite, men mak ki sou li ka chanje desizyon ou nèt.
Telefòn Ou Ka Tounen Yon Zouti pou Jwenn Pwodwi!
Pafwa pwodwi a devan w, men sous la pa devan w. Se la yon lòt kalite rechèch vin enteresan.
Tout “Apply to Sell” pa mennen nan menm rezilta. Aprann konprann sa Amazon ap kominike avèk ou.
Kounye a, se pa teyori ankò. Antre ak Kotch Regine nan yon sesyon rechèch pwodwi an tan reyèl.