Kou sa a ede w pran plis kontwòl sou fason ou jere pwodwi ou sou Amazon. Li fèt pou ede w li enfòmasyon ki devan ou pi byen, pran desizyon ak plis presizyon, epi evite erè ki ka afekte lavant ou.
ASIN • BSR • Quantity • Sales Price • Featured Offer • Competitive Price • Handling Time
Kou sa a fèmen seri Amazon Basics la epi prepare w pou pase nan yon nivo kote ou pa sèlman konnen kijan Seller Central fonksyone, men ou konprann kijan pou jere magazen ou ak plis disiplin.
Aprann li enfòmasyon ki nan envantè ou ak plis atansyon pou w pa pran move desizyon sou yon pwodwi.
Konprann kisa ASIN ye, kote pou jwenn li, ak kijan pou sèvi avè l pou idantifye yon pwodwi kòrèkteman.
Aprann sa Best Seller Rank vle di epi kijan pou li enfòmasyon sa a lè w ap evalye yon pwodwi.
Aprann kijan pou verifye, modifye, epi mete kantite pwodwi ou yo ajou nan Seller Central.
Aprann kijan pou kontwole epi modifye pri lavant pwodwi ou yo dirèkteman nan envantè a.
Konprann de enfòmasyon enpòtan Amazon itilize nan konpetisyon ant òf yo.
Aprann kijan Handling Time fonksyone ak kijan pou chwazi yon delè ki adapte ak fason ou prepare kòmand ou yo.