Kou sa a fèt pou ede w konprann epi rezoud pwoblèm ki ka bloke Amazon Seller store ou pandan konfigirasyon an.
Nan leson sa a, w ap aprann kijan pou korije mesaj wouj “Charge Method Invalid”, verifye enfòmasyon kat bank ou, itilize bon billing address, epi konprann sa pou fè si bank ou bloke tranzaksyon Amazon Seller la.
Objektif la se ede w korije pwoblèm nan san w pa fè chanjman repete ki ka ralanti pwosesis la.
Nan leson sa a, w ap aprann poukisa Amazon Seller ka montre mesaj “Charge Method Invalid”, kijan pou verifye kat ou, kontakte bank ou, korije nimewo kat, CVV, dat ekspirasyon, non ak adrès billing lan, epi kijan pou ajoute yon nouvo Charge Method.
Pandan Amazon ap revize nouvo enfòmasyon kat la, kèk fonksyon sou Seller Central ka rete bloke. Ou ka pa kapab ajoute nouvo pwodui oswa kontinye vann nòmalman jouk verifikasyon an fini. W ap aprann tou poukisa ou dwe tann 3 jou ouvrab san ou pa modifye enfòmasyon yo ankò.