Ou ka gen yon store. Ou ka konnen Seller Central. Men si ou pa konnen kijan pou chwazi epi poste pwodwi pou vann, store la poko ka fè travay li.
Se nan kou sa a nou antre nan youn nan etap ki pi enpòtan nan tout fòmasyon Amazon Basics la: kijan pou mete bon pwodwi sou store ou pou kliyan ka achte yo.
Men gen yon bagay anpil nouvo vandè pa konnen: POSTE yon pwodwi ak kreye yon LISTING se pa menm bagay.
Epi pou yon debutan, konnen diferans lan ka chanje fason ou kòmanse biznis Amazon ou nèt.
Nan AMAZON 8, Kotch Regine pral montre w metòd li itilize pou ede nouvo vandè chwazi pwodwi, verifye opòtinite yo epi poste yo sou Amazon.
Ou pral wè pwosesis la fèt an tan reyèl, ak pwodwi reyèl ak sitiyasyon yon nouvo vandè ka rankontre.
Epi anvan nou poste yon pwodwi, nou pral pase l nan yon sistèm espesyal:
Twa règ senp ki ka ede w evite youn nan pi gwo erè debutan fè lè yo prese mete pwodwi sou store yo.
Kou sa a pa sèlman montre w ki bouton pou klike.
Li montre w kijan pou reflechi tankou yon vandè anvan ou klike.
Poste ak Listinn ka sanble, men yo pa mennen yon nouvo vandè nan menm direksyon. Anvan ou mete premye pwodwi ou sou Amazon, ou bezwen konprann diferans sa a ak poukisa fason ou kòmanse a enpòtan
Ki kote pou chèche pwodui? Kijan pou jwenn yon pwodwi? Epi lè ou jwenn youn, kijan pou konnen si se vrèman pwodwi ou panse a li ye sou Amazon? Se la Metòd 3K Kotch Regine™ la kòmanse antre an aksyon.
Kounye a ou konnen kijan pou jwenn yon pwodwi. Men èske sa vle di ou ka vann li? Nou pral teste Metòd 3K Kotch Regine™ la an tan reyèl epi dekouvri de mesaj Amazon ki ka chanje pwochen desizyon ou.
Ou jwenn yon pwodwi epi Amazon montre “Sell this product.” Bon nouvèl? Petèt. Men anvan nou avanse, gen verifikasyon ki dwe fèt. Kounye a nou antre pi fon nan premye etap aplikasyon Metòd 3K Kotch Regine™ la.
Ou ka deja konnen kijan pou poste. Men kisa egzakteman Amazon rele yon “Offer”? Ki sa ou kontwole ladan l? Epi ki kote FBM ak FBA antre nan tout sa? Kounye a plizyè kou nou te aprann deja pral konekte ansanm.
De premye kondisyon yo pa sifi. Anvan desizyon final la, gen yon twazyèm kondisyon ki dwe pase tès la. Nou pral aplike l sou egzanp reyèl pou wè poukisa li ka chanje desizyon ou.
Ou konnen pwosesis la. Kounye a, kijan yon debutan dwe sèvi avè l? Nou aplike Metòd 3K™ Kotch Regine lan, kalkil pri vant ak jesyon envantè ansanm pou wè kijan yon store byen òganize fonksyone nan lavi reyèl.