Amazon Seller: Konprann Baz yo fèt pou moun ki vle kòmanse konprann kijan vann sou Amazon fonksyone anvan yo antre nan etap ouvèti ak jesyon yon store.
Nan kou sa a, w ap aprann fè diferans ant platfòm Amazon pou achte ak Amazon Seller pou vann. W ap konprann tou kijan Amazon Seller òganize, frè plan pwofesyonèl la, ak 2 prensipal fason ou ka vann pwodwi sou menm store la: FBM ak FBA.
Kou a eksplike konsèp yo an Kreyòl, avèk egzanp senp, vizyèl ak quiz pou ede w verifye sa ou konprann.
Lè w fini kou sa a, ou ta dwe kapab konprann baz Amazon Seller yo epi fè diferans ant FBM ak FBA anvan ou pase nan pwochen etap la: ouvri epi verifye pwòp store Amazon Seller ou.
Nan leson sa a, w ap konprann kijan Amazon Seller òganize, frè mansyèl pou itilize platfòm nan, ak 2 fason ou ka vann sou menm store la: FBM ak FBA.
Nan leson sa a, w ap aprann kijan FBM ak FBA fonksyone etap pa etap, ki responsabilite ou genyen nan chak metòd, ki travay Amazon pran an chaj, epi diferans ki genyen nan preparasyon, depo, anbalaj ak livrezon pwodwi yo.
Aprann kijan dropshipping fonksyone, poukisa li riske pou store Amazon ou, epi poukisa FBM se yon opsyon ki pi bon pou kontwole kalite, anbalaj ak eksperyans kliyan an.
Aprann kijan pou prepare etikèt livrezon ou lakay, depoze pakè ou apre lè biwo, epi òganize livrezon ou selon disponibilite w.
Silver Kit, 4 pyès:
https://shopunlocked.com/silver-e-commerce-packaging-kit/
Gold Kit, 6 pyès:
https://shopunlocked.com/complete-e-commerce-packaging-kit/
Gid gratis pou enstale printer a:
https://shopunlocked.com/easy-pm-241-bt-printer-installation-guide/
Lè w kòmanse vann sou Amazon FBM, ou bezwen bon materyèl pou prepare epi voye kòmand kliyan yo. Nan leson sa a, w ap wè poukisa nou chwazi materyèl yo selon bon balans ant kalite ak pri, diferans ant pake Silver 4 pyès ak Gold 6 pyès, epi kijan kit la ede w kòmanse san w pa pèdi tan ap chèche chak atik apa.
Silver E-Commerce Packing Kit, 4 pyès:
https://shopunlocked.com/silver-e-commerce-packaging-kit/
Gold E-Commerce Packing Kit, 6 pyès:
https://shopunlocked.com/complete-e-commerce-packaging-kit/
Gid gratis pou enstale printer:
https://shopunlocked.com/easy-pm-241-bt-printer-installation-guide/