New / Nouvo

Ekonomize 50,500 Goud San Grate Tèt ak Defi 100 Anvlòp la!

### 💰 Aprann mete lajan sou kote. Kòmanse ak 5 goud, yon adoken, jodi a! **Ou travay di, lajan antre nan ... Show more
Instructor
admin
  • Description
  • Curriculum
defi 100 anvlop.png

💰 Aprann mete lajan sou kote. Kòmanse ak 5 goud, yon adoken, jodi a!

Ou travay di, lajan antre nan men w, men poukisa li toujou difisil pou w ekonomize?

E si mwen te montre w yon metòd senp pou w bati pwòp ekonomi w, menm lè ou pa gen yon salè fiks?

✅ Pa bezwen bay pèsonn lajan w.

✅ Pa bezwen voye lajan sou entènèt.

✅ Ou menm ki kontwole lajan w.

✅ Ou kapab fè defi a ann Ayiti oswa nenpòt kote nan mond lan.

Sekrè a se pa konbyen lajan ou touche. Se kijan ou aprann ekonomize li!

Ekonomize 50,500 goud san grate tèt
Share
Peye yon sèl fwa. Aksè ak leson an komplè. Revize otan de fwa ou vle pandan aksè kou ou a aktif.
Detay kou a
Lectures 10
Quizzes 1
Level Beginner / Debitan
Enfòmasyon debaz

Yon ti kòb kapab tounen yon gwo rezilta!

Nan kou sa a, ou pral dekouvri:

✅ Kijan pou w kòmanse ekonomize menm ak yon ti revni.

✅ Kijan pou w fikse yon objektif ki adapte ak kapasite w.

✅ Kijan pou w devlope disiplin san w pa mete tèt ou anba presyon.

✅ Kijan pou w kenbe kontwòl ekonomi w san w pa remèt pèsonn lajan w.

✅ Kijan pou w pwoteje lajan ou mete sou kote.

✅ Kijan pou w kontinye avanse menm lè lavi pote sipriz.

Ou pral aprann yon metòd ou ka itilize plizyè fwa, pou plizyè objektif diferan.

Sa ou bezwen

Ou pa bezwen rich pou kòmanse!

Pou suiv kou sa a, ou bezwen sèlman:

  • Yon telefòn oswa òdinatè ki gen entènèt pou w suiv kou a.

  • Yon objektif ou ta renmen reyalize.

  • Volonte pou amelyore fason ou jere lajan w.

  • Yon ti kòb, selon kapasite ou, pou kòmanse mete sa ou aprann yo an pratik.

Ou pa bezwen ouvri yon kont espesyal, transfere lajan bay yon lòt moun, ni voye lajan sou okenn platfòm pou fè defi a.

Tout lòt enstriksyon ak zouti w ap bezwen yo ap tann ou anndan kou a.

Pou kiyès kou sa a fèt

Ou panse ou pa touche ase pou w ekonomize? Kou sa a ka fè w chanje lide!

Kou sa a fèt pou:

  • Moun ki toujou di: "M ap kòmanse ekonomize mwa pwochen."

  • Moun ki travay di, men ki pa janm rive kenbe yon bon ti kòb sou kote.

  • Moun ki pa gen yon salè fiks.

  • Paran ki gen pwojè pou pitit yo.

  • Machann, madan sara, chofè moto taksi ak ti antreprenè.

  • Jèn ki vle aprann bon abitid finansye.

  • Moun ki vle ekonomize san depann de okenn lòt moun.

  • Ayisyen ann Ayiti ak nan dyaspora a, ansanm ak nenpòt moun ki vle adapte defi a ak lajan peyi kote yo ap viv la.

Si ou kapab kòmanse ak yon ti kòb, ou kapab aprann konstwi yon bon abitid ekonomi!

Ekonomize 50,500 Goud San Grate Tèt ak Defi 100 Anvlòp la!