00 Preparasyon pou Vann sou Amazon

Prepare w anvan ou ouvri kont Amazon Seller ou. Aprann ki dokiman ou bezwen, ki erè pou evite, epi kijan ... Show more
Instructor
admin
0
0 reviews
  • Description
  • Curriculum
  • Reviews
ChatGPT Image Aug 18, 2026, 08_40_04 PM.png

Preparasyon pou Vann sou Amazon se yon kou gratis an Kreyòl Ayisyen ki fèt pou ede w prepare tèt ou anvan ak pandan pwosesis ouvèti kont Amazon Seller ou.

Nan kou sa a, w ap jwenn videyo kout ak pratik ki esplike etap enpòtan yo. W ap aprann kijan pou prepare dokiman ou, chwazi bon imèl la, konprann relve bank ou, pran bon foto PYES ou, epi evite erè ki ka anpeche Amazon verifye oswa apwouve kont ou.

Nou pral kouvri tou:

  • Kisa yon routing number ye epi ki kote pou jwenn li

  • Kijan pou transfere foto PYES ou soti nan telefòn ou pou mete yo sou laptop oswa iPad

  • Kijan entèvyou verifikasyon Amazon lan fèt epi kijan pou antre ladan l

  • Kisa pou fè lè Amazon mande w verifye kont ou ak 2-Step Authentication

  • Kisa pou fè pou konplete oswa retire etap Tax Verification lan

  • Kisa ki pase lè ou ouvri store Amazon ou pandan wikenn

  • Lòt etap ak pwoblèm ou ka rankontre pandan pwosesis ouvèti ak verifikasyon kont lan

Objektif kou sa a se pou w rive nan pwosesis ouvèti store ou ak dokiman, enfòmasyon ak zouti ou bezwen deja pare. Sa ap ede w evite erè, reta ak rejè ki fasil pou anpeche pwosesis la avanse.

Nou ap ajoute nouvo leson gratis regilyèman.

Aprann. Vann. Grandi.

Preparasyon pou Kont Amazon Seller
Kou Gratis
Detay kou a
Lectures 7
Level Beginner / Debitan
Enfòmasyon debaz

Kou gratis
Lang: Kreyòl
Nivo: Debitan
Fòma: Videyo kout, etap pa etap
Kategori: Amazon Seller
Aksè: Sou entènèt
Pri: Gratis

Sa ou bezwen

Sa ou bezwen se:
• Yon kompitè, laptop oswa iPad
• Aksè entènèt
• Yon adrès imèl ak modepas ke ou gen aksè avè l
• Yon PYES idantite valab
• Yon kont bank ki sou non paw
• Aksè a aplikasyon oswa dokiman bank ou
• Volonte pou swiv etap yo avèk atansyon

Nan etap sa, ou poko bezwen gen kont Amazon Seller w ouvri.

Pou kiyès kou sa a fèt

Kou sa a fèt pou:
• Moun ki vle kòmanse vann sou Amazon
• Moun ki poko ouvri kont Amazon Seller yo
• Moun ki vle prepare dokiman yo anvan yo kòmanse
• Moun ki bezwen konprann pwosesis la an Kreyòl
• Nouvo vandè ki vle evite erè pandan verifikasyon Amazon

00 Preparasyon pou Vann sou Amazon