Youn nan premye gwo desizyon ou dwe pran lè w ap prepare pou vann sou Amazon se konnen ki kote pou w achte pwodui ou yo, kisa pou w achte, epi konbyen pou w achte.
Nan kou sa a, w ap aprann diferans ki genyen ant 3 nivo founisè: Detayan, Semi-Grosis ak Grosis. W ap wè kijan kantite minimòm pou achte, pri pa inite ak kondisyon pou achte ka chanje selon nivo founisè ou chwazi a.
Nou pral montre w diferan kote ou ka jwenn pwodui, tankou nan magazen, online, atravè grosis ak distribitè.
W ap aprann tou ki kalite pwodui ou ka konsidere pou kòmanse Amazon Store ou, kijan pou teste yon pwodui anvan ou achte gwo kantite, epi ki estrateji pou itilize pou chwazi pwodwi ki pi bon pou biznis ou.
Objektif kou sa a se ede w pran pi bon desizyon lè w ap achte, limite risk ou, epi evite mete twòp lajan nan yon pwodui anvan ou konnen si li mache.
Chwazi → Teste → Vann → Ogmante
Ou pa bezwen yon gwo bidjè pou kòmanse. Aprann ki kote pou w achte, kijan pou w chwazi bon founisè a, teste plizyè kalite pwodui epi itilize lajan ou avèk plis estrateji.